• Aucun résultat trouvé

Suzanne Comhaire-Sylvain : regards croisés sur une femme, écrivaine...

N/A
N/A
Protected

Academic year: 2022

Partager "Suzanne Comhaire-Sylvain : regards croisés sur une femme, écrivaine..."

Copied!
4
0
0

Texte intégral

(1)

Jounen etid syantifik

« Suzanne Comhaire-Sylvain, kwaze lide sou yon fanm, yon ekriven, yon lengwis, yon antwopològ »

Laboratwa LangSÉ ki nan Fakilte Lengwistik Aplike ak City University of New York (CUNY) ap òganize de jounen etid an altènans nan Pòtoprens, 23 avril ak nan New York 22 me 2020

(vèsyon kreyòl)

Suzanne Comhaire-Sylvain fèt Pòtoprens nan ane 1898 e li mouri Nijerya nan ane 1975. Li se yon antwopològ afrikanis e yon lengwis ki fè anpil rechèch nan chan etid ayisyen. Li se premye fanm ki lengwis, premye fanm ki antwopològ an Ayiti, li fè pati premye moun ki te lanse etid sou kreyòl ak oralti. Pandan karyè li kòm inivèsitè, li pibliye anpil atik ki sèvi kòm referans sou yon seri aspè ki makonnen ak vi sosyal ak kiltirèl peyi d Ayiti ak kèk lòt peyi afriken sitou Kongo ak Nijerya. Etid li fè sou kont ayisyen yo pa sèlman chache mete yo nan yon kategori, chache orijjin yo, men tou, li eseye fè estrikti kont yo parèt. Rechèch Comhaire-Sylvain yo fè l okipe yon plas enpòtan nan etid oralti folklorik ayisyen an malgre limit epistemik metòd li yo genyen, sitou nan fason li fè transkripsyon kont yo ki chita twòp sou memwa.

Pandan peryòd 1930 yo, kote te gen yon nasyonalis kiltirèl ki t ap ranfòse an Ayiti, li soutni yon tèz doktora nan vil Pari nan Sòbòn ki fèt sou tèm Les contes haïtiens (1936). Yo konsidere travay li fè sou kreyòl la tankou yon kontribisyon enpòtan nan domèn lengwistik.

Pou Carter Godwin Woodson (1937), « Li pa sèlman bay yon nouvo imaj de langaj ayisyen yo, li montre tou richès literè lang sa a gen ladan l » 1. Anpil espesyalis nan domèn lang konsidere liv li Le créole haïtien, morphologie et syntaxe (1936) ak pa Jules Faine nan Philologie créole (1936) tankou de (2) premye etid ki gen karaktè syantifik Ayisyen pibliye sou kreyòl.

Comhaire-Sylvain ede nou konprann pi byen kèk reyalite kiltirèl ayisyen ak afriken.

Nan liv li ki rele Femmes de Kinshasa hier et aujourd'hui (1968), li fè pòtrè fanm Kinchaza yo, reyalite y ap viv chak jou, lwazi yo ak mòd fonksyònman yo apati de de (2) ankèt li reyalize soti 1943 pou rive 1945 epi nan ane 1965. Rechèch li fè yo louvri wout pou lòt moun fè rechèch sou Kongo lè Bèlj yo te fin ale. Nan « La femme dans le proverbe créole » (1938a), li repètorye yon seri pwovèb ayisyen ki pale de fanm. Naissance, mort, état-civil à Kenscoff (Haïti) (1959), yon travay li fè ansanm ak Jean Comhaire (mari li), se yon sous referans etnografik pou nenpòt moun ki vle etidye nesans, lanmò ak etasivil nan Kenskòf.

Nan premye atik travay sa a, otè yo pale de gwosès nan Kenskòf nan kontèks etnografik li, sa vle di, tankou yon fenomèn ki mache ak kwayans. Konsa, travay Comhaire-Sylvain reyalize yo fè li jwenn pòs ekspè nan ONU pou lafrik pandan uit (8) ane ak kèk distenksyon entènasyonal, sitou pri Alyans fransè ak Meday Akademi fransè pou n site sa yo sèlman.

1 Se nou menm ki tradui sa l di an anglè a an kreyòl.

https://www.journals.uchicago.edu/doi/abs/10.2307/2714523

(2)

Men sa Kathleen Gyssels (2005) ekri sou li : « Merit Suzanne Comhaire-Sylvain (1898-1975) se te ranmase li te ranmase lamàn "fab’" kreyòl yo reprezante a, etidye li te etidye kòm etnològ epi kòm lengwis lang kreyòl ayisyen an ak pwovèb yo, devinèt ak kont yo, an brèf, sa nou ta ka rele "oralti" a ».2 Gyssels kontinye pou l di : « Li se pitit fi Georges Sylvain [1866-1925], ki se te youn nan premye moun ki te adapte fab Lafontaine yo, epi li se nyès Bénito Sylvain ki se te prensipal pòtetanda mouvman panafrikanis la. Li te konprann byen bonè, plis pase tout lòt moun, fòlklò ayisyen an reprezante yon materyo enpòtan pou tout antwopològ oswa sosyològ ki te enterese ak Ayiti ». Konsa, nan lide pou nou mete travay chèchè enpòtan sa a nan deba nan domèn syans moun ak syans sosyal yo an Ayiti, 45 ane aprè lanmò li k ap rive 20 jen 2020 an, laboratwa LangSÉ ki nan Fakilte Lengwistik Aplike ansanm ak City University of New York (CUNY) ap òganize an altènans de (2) jounen etid nan Pòtoprens, 23 avril ak nan Nouyòk, 22 me 2020 sou tèm ki mansyone pi wo a.

Manifestasyon syantifik sa a ap montre enpòtans travay Suzanne Comhaire-Sylvain yo genyen pou lasyans, edikasyon ak lakilti epi eritaj li kite pou lòt chèchè.

Aks tematik

1. Suzanne Comhaire-Sylvain ak eritaj lengwistik li ;

2. Suzanne Comhaire-Sylvain ak pwogresyon antwopoloji ayisyen an ; 3. Suzanne Comhaire-Sylvain, yon ekriven, yon fanm modèl.

Modalite patisipasyon

Voye yon rezime ki genyen soti 300 pou rive 500 mo bay ethsotilien@gmail.com nan youn nan de (2) lang kòlòk la (Kreyòl ayisyen, fransè). Polis moun dwe itilize se Cambria, tay la se 12 pwen, entèliy 1,5 pwen. Rezime a dwe mache ak yon biyobibliografi otè pwopozisyon an ki pa long.

Dat enpòtan pou n kenbe

 Apèl pou kominikasyon an pibliye : 20 septanm 2019 ;

 Dat limit pou voye rezime yo: 15 desanm 2019 ;

 Notifikasyon aseptasyon oubyen refi : 15 janvye 2020 ;

 Reyalizasyon jounen etid yo : 23 avril (Ayiti), 22 me (Nouyòk) 2020.

Piblikasyon

Aprè komite syantifik la fin evalye epi chwazi tèks ki soti nan divès kominikasyon yo, y ap pibliye yo nan yon liv kolektif.

Bibliyografi

COMHAIRE-SYLVAIN, Suzanne (1936). Le créole haïtien : Morphologie et syntaxe, Port-au- Prince, Caravelle.

2 Se nou menm ki tradui sa l di an fransè a an kreyòl.

(3)

COMHAIRE-SYLVAIN, Suzanne (1937). Les contes haïtiens : Origine immédiate et extension en Amérique, Port-au-Prince, Caravelle, 2 vols.

COMHAIRE-SYLVAIN, Suzanne (1938). « La femme dans le proverbe créole », La voix des femmes, no 3, p.7-9

COMHAIRE-SYLVAIN, Suzanne (1938). Contes du pays d’Haïti, Port-au-Prince, Caravelle.

COMHAIRE-SYLVAIN, Suzanne (1938). À propos du vocabulaire des croyances paysannes, Port-au-Prince, Caravelle.

COMHAIRE-SYLVAIN, Suzanne (1940). Le roman de Bouqui, couverture de V. Pierre-Noël et 13 dessins originaux de l’auteur, Port-au-Prince, Caravelle.

COMHAIRE-SYLVAIN, Suzanne (1950). Food and Leisure among the African Youth of Léopoldville, Belgian Congo, Rondebosch, University of Cape Town.

COMHAIRE-SYLVAIN, Suzanne (1968). Femmes de Kinshasa, hier et aujourd’hui, Paris/La Haye, Mouton.

COMHAIRE-SYLVAIN, Suzanne (1973). Qui mange avec une femme : Contes zaïrois et haïtiens, Bandundu, Zaïre, Ceeba.

COMHAIRE-SYLVAIN, Suzanne (1974). Jetons nos couteaux : Contes de garçonnets de Kinshasa avec parallèles haïtiens, Bandundu, Ceeba.

COMHAIRE-SYLVAIN, Suzanne (1982). Femmes de Lomé, Bandundu, Ceeba.

COMHAIRE-SYLVAIN, Suzanne (1984). Les montagnards de la région de Kenscoff (Rép.

d’Haïti) : Une société Kongo au-delà des mers, introduction et notes de Jean Comhaire.

Bandundu, Ceeba.

FAINE, Jules (1936). Philologie créole, études historiques et étymologiques sur la langue créole d'Haïti, Port-au-Prince, Imprimerie de l'État.

GYSSELS, Kathleen (2005). « Trésors de veillées », Gradhiva [En ligne], mis en ligne le 10 décembre 2008, consulté le 01 mai 2019. URL : http://journals.openedition.org/gradhiva/392 ; DOI : 10.4000/ gradhiva.392.

HURBON, Laënnec (1975). « Suzanne Comhaire-Sylvain », Journal de la Société des Africanistes, tome 45, fascicule 1-2. pp. 200-201, consulté le 14 juin 2019. URL : https://www.persee.fr/docAsPDF/jafr_0037-9166_1975_num_45_1_2199.pdf WOODSON, Carter Godwin (1937). « Suzanne Sylvain, Le Créole Haïtien, Morphologie et Syntaxe ; Suzanne Comhaire-Sylvain, Les Contes Haïtiens, Ie Partie ; Suzanne Comhaire- Sylvain, Les Contes Haïtiens, IIe Partie », The Journal of Negro History , vol. 22, no 3, p. 369- 372

Kowòdonatè : Ethson Otilien

Komite òganizasyon :

Ethson Otilien, laboratwa LangSÉ/UEH Herby Glaude, Université d’État d’Haïti

(4)

Jean-Ederson Jean-Pierre, Syracuse University Joseph Marcel Georges, Université d’État d’Haïti Marie Lily Cerat, City University of New York Marie-Louise Rémy, Université d’État d’Haïti Menès Déjoie, City University of New York Moles Paul, Université d’État d’Haïti Renauld Govain, Université d’État d’Haïti

Komite syantifik : Carlo A. Célius, CNRS

Ethson Otilien, laboratwa LangSÉ/UEH Herby Glaude, Université d’État d’Haïti Kathleen Gyssels, Université d’Anvers

Lewis Ampidu Clorméus, Université d’État d’Haïti Renauld Govain, Université d’État d’Haïti

Références

Documents relatifs

En fréquentant les comédiens, c'était bien avec l'arrière-pensée de faire du théâtre avec mes élèves mais nullement pour vivre la classe elle-même sur le

a) Qu’est-ce qui fait qu’un tout est un tout ? On admettra diffi cilement que les pipes que j’ai devant moi dans le cendrier forment une totalité. Mais je puis

Du 19 au 24 juin, les Conservatoire et Jardin botaniques de Genève (CJBG) dans le cadre de leur bicentenaire accueillent l’artiste vaudois Sylvain Meyer spécialisé dans le Land

[r]

En effet, dans l’objectif de remettre dans le débat le travail de cette chercheuse majeure dans les sciences humaines et sociales en Haïti, 45 années après sa mort, soit le

Suzanne Citron, un engagement multiple. 13h 30 : Accueil du public et

Le matin l'escargot gris Le matin l'escargot gris Le matin l'escargot gris Le matin l'escargot gris las de traîner son logis las de traîner son logis las de traîner son logis las

[r]